4 Fason lidè yo ka kreye relasyon ki dirab!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Epizod sa de 4 fason lidè yo ka kreye yon relasyon ki dirab nan fason yo jere relasyon yo ak moun ke yap fonksyone. Nou eseye eksplike ak montre poukisa li enpotan pou lidè yo de kreye kontinyelman youn nan pi gro priyorite ke yo sipoze genyen. Nou pale sou etid ke konpayi ki rele Bluesource fè sou sa ki gen pou wè ak pwodwiktivite anndan òganizasyon ki ogmante de 25% lè ke moun kap travay anndan òganizasyon yo rete konekte youn ak lot epi ak lot òganizasyon. Nou prezantew sa ki fè diferans ant òganizasyon kap byen mache ak sa ki medyòk yo, e tout òganizasyon kap byen mache se gras ak moun Ki ladanl yo paske potansyel yon òganizasyon chita nan moun kap evolye anndan òganizasyon sa ak kapasite moun sa yo genyen pou yo travay annekip olye ke yo mize sou kapasite endividyèl. Nou pale de benefik ki genyen nan lew kreye relasyon dirab swa ak moun wap fonksyone oswa ak lot òganizasyon kap evolye nan menm domèn avew sa fasilitew jwenn plizyè ide sou yon problem kelkonk kew ta kapab rankontre epi jwenn yon solisyon kap dire pou tout moun kap evolye nan sektè sa a olye de yon solisyon pesonel. Menm Jan ak Alexander Graham Bell di: “Tout gro dekouvèt oswa amelyorasyon enplike inevitableman koperasyon plizyè Sèvo kap pwodwi ide”. Nou prezantew 4 abitid pèsonèl kise: friendly, kominikasyon, pasyans epi lwazi ke mwen itilize poum sa kontinye bati relasyon kap dire. Ou sipoze yon moun Ki amikal paske sa pemet ke lot moun pa pè abodew. Biolojikman etid yo montre ke nou fèt ak kapasite poun janti epi konpatisan youn ak lot men son kapasite ke nap kapab devlope selman nan repetisyon. Pa ezite ofri sevis Ou bay lot moun otan kew kapab, yon ti moman jantiyess kew pataje ak yon moun kapab chanje konplètman jounen moun sa, men sitou Jan lap gen poul aji ansanm ak lot moun. Kominikasyon, nan kominikasyon wap gen ak moun ke wap fonksyone ou dwe fè surr ke nou youn konprann lot, paske sa pral evitew tande fraz tankou se pa fot mwen Se paske Mpat byen konprann saw te dim yo. Ou sipoze gen pasyans, li pa fasil pouw gen anpil pasyans m’en li posib pouw aprann kiltive pasyans. Gon sitasyon sa ki di: “ Pasyans son vèti” sa ta sipoze vle di ke lew gen pasyans epiw pratike pasyans nan sa wap fe li kapab amelyore vi moun kap fonksyone nan antouraj ou men lap gon enpak pozitiv sou vi paw. Gon mesye ki rele Stan Floresco, kise pwofesè nan inivèsite Colombie-Britannique ki di: “ Lew kiltive pasyans anpill epiw vin genyenl an kantite, sa kapab reyangaje fonksyon lob fwontal ou, lew gen anpill pasyans sa pemet ou kalkile epi pran desizyon ki reflechi ak ogmante satisfaksyon global ou nan vi a”. Lew pratike pasyans kom dirijan sa pemet ou bay moun kap fonksyone avew espas ak tan nesesè pou yo evolye e anpil fwa rezilta travay moun sa yo ka enpresyonew. Lwazi, li enpotan pouw sou moun ki travay anpil m’en li osi enpotan pouw rezève yon ti moman pouw divètiw, wè moman lwazi sa yo tankou yon okazyon pouw amelyore kominikasyonw ak fasonw kolabore ak moun kap fonksyone avew epi sonje ke ti moman lwazi sa yo anpill fwa konn stimile, reveye kreyativite kap domi anndan kolaboratew yo. Se responsablite paw pouw travay sou tet ou epi jwenn Sak dwe chanje oswa amelyore nan fasonw jere relasyonw ak moun Ki nan antouraj Ou oswa kap fonksyone avew, epi jwenn konbinezon kap mache pou ou a. Travay sou tet ou vle di gon konvezasyon ki onèt ak pwop tet ou, youn nan pi bon moman ou ka gen konvezasyon sa se lew demakew de foul la epiw retrouvew sèl ak pwop tet Ou. Bati yon relasyon ki dirab se yon pwosis ni pou ou ni pou moun ki anfas la donk pa prese, e fe surrr ke ou swiv tout étap yo nan pwosesis la e ou pran tan ki nesesè pou sa. Kom lidè sonje ke lew pemet moun kap fonksyone avew yo evolye nan yon anvironman ki pluzoumwen detandu sa kontribye direkteman nan sante global moun sa yo epi pemet ke yo pi konfotab nan relasyon yo youn ak lot. E sonje ke li posib pouw son bon lidè San kew pa oblije yon bouwo pou moun sa yo. Mèsi --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message