Karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Pa gen anyen kom karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè, ke kreye epi mentni konfyans moun ke lap lid yo. Youn nan rezon kifè lidè yo kapab enfliyanse lot moun se paske moun sa yo fè lidè sa yo konfyans. Moun ka gen respè pou ou, yo admire kantite bagay kew konnen, yo ka gen senpati pou ou, yo renmen travay ou, men sa pap fè ke yo pa poze kesyone sou aksyonw yo, esi tout fwa yo pa few konfyan chak aksyonw oswa desizyon kew pran ap toujou yon sijè diskisyon pou moun sa yo. Map redil, Pa gen oken lot karakterristik ki gen plis enpotans pou yon lidè ke karakteristik poul kreye ak mentni konfyans moun lap lid yo, e son bagay kem rive aprann avèk eksperyans. Nou pale de 5 atitid pami anpil lot ki ka ede lidè yo kreye epi mentni konfyans lakay moun ke yap lid yo. 5 abitid Nou wè nan epizod sa se: Ou dwe yon moun Ki koyeran; yon moun Ki enb(imilite), yon moun Ki ouvè; yon vizyonè; yon moun Ki Otantik. 5 atitid sa yo ka edew kreye ak mentni konfyans lakay moun ke wap lid yo men kitem diw ke Kreye konfyans kay lot moun pa yon bagay ke yap few kado antanke lidè m’en son bagay wap bezwen travay pou li Epi lap vini otomatik paskew meritel. E se tout yon pwosesis li ye, wap bezwen gen pasyans m’en sitou wap bezwen entegre epi itilize 5 abitid sa yo ke msot pataje avew la nan fasonw jere kapasite lidèship ou ak moun wap lid yo pouw ka jwenn rezilta wap cheche a. 5 abitid sa yo pa sel bagay wap gen bezwen pouw kreye konfyans lakay moun ke wap lid yo men se 5 pami anpil lot ke wap gen bezwen ke siw chwazi entegre nan fasonw jere relasyonw ak moun ke wap fonksyone ki ap pemet ou bati yon relasyon dirab ak moun sa yo m’en sitou yo relasyon kap baze sou konfyans. 3bagay kew sipoze toujou sonje 1- moun swiv lidè ke yo panse ki pataje menm valè ak yo 2- moun swiv lidè ke yo panse ki gon istwa oswa eksperyans ki sanble ak eksperyans ke yo te fe 3- moun swiv lidè ke yo panse ke yo ka fè konfyans, lidè ki kite travay yo pale pou yo. E nan ka paw la gade pouw we si moun wap fonksyone ak yo a fe kapasite lidèship Ou konfyans pouw mennen yo nan lot nivo a. Si wi kontinye travay pouw amelyore epi mentnil sinon travay sou tet ou dabò jwenn saw dwe chanje oswa amelyore pouw ka ogmante kapasite lidèship Ou. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message