Kisa Ki ka lakoz yon moun manke gen konfiyans nan tet li? Konsekans - Solisyon!!!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Nan epizod Davidson ak sikològ Natacha, gade koz sa yo Ki ka rann yon moun pa gen konfiyans nan tet li, kisa konsekans yo ye lew pratike yon atitid konsa epi Koman yon moun ka aprann devlope konfiyans kel gen nan tet li. Gen konfiyans nan tet Ou oswa nan model moun kew ye a son konstwi, li pa vini otomatik paske pouw aprann oswa reyaprann gen konfiyans nan tet, dabò fòw konsyans de pwoblem lan, aksepte mande èd ak moun Ki ka edew epi gen volonte pouw swiv tout etap yo. Pran abitid di tet Ou pawol Ki pozitiv, felisite tet Ou pou chak efò kew fè, dakò kew egziste pouw akonpli anpil gro bagay ,ke laviw ka sèvi a yon pi gro eritaj ke viv epi mouri... Lèw renmen tet Ou, Ou konsyan de feblès ou, pandan wap travay pouw amelyore saw genyen kòm kapasite Sa ap eveitew tonbe nan piyèj lòt moun ki ta ka vle fèw santi kew pa vo anyen , lè yo ta vle diminyew oswa diminye travay ou. Anpil fwa kòm lidè, responsab etc... ou konn gen enpresyon ke wap mennen yon lit ki Preske enposib nan fason moun wap lid yo reyaji parapò ak enèji, pasyon epi volonte kew genyen pou koz komum sa e souvan li difisil pou nou poze tet nou kesyon Koman moun Sa yo ke nap lid la la wè tet yo? Eske yo gen konfiyans nan tet yo? Eske yo konprann ak konnen ke yo vo plis ke pawol mechan oswa move tretman ke yo te konn ap sibi? Si group moun Sa yo pa rive nan nivo konsyans sa epi aksepte verite sa yo lap toujou trè difisil pou nou kòm lidè, responsab etc... Rive fè yo chanje lavi epi Patisipe nan yon chanjman global. Sonje ke lew manke gen konfiyans nan tet Ou nan kalite moun kew ye a sa ap gen gro konsekans negativ sou karyè pwofesyonèl Ou nan milye travay Ou... Sonje toujou pataje epizod wap tande a ak yon zanmi paske li ka fè yon gro diferans nan lavil e pa bliye Ou ka abòne ak chanel podcast la sou nenpot platfòm kew renmen tande podcast ???. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message