Kisa Ou vle nan lavi? Kesyon mitik tout akonpaniatè,z. Poukisa? Avèk kotch espirityèl Guersye Beine.

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Avèk Guersye Beine, kotch espirityèl nap chèche konprann kisa travay yon kotch de vi or kotch espirityèl ye? Aki moman nan lavi, yon moun ap konnen kel bezwen èd yon akonpaniatè? Diferan espesyalite ki genyen nan mond kotchin lan? Enpòtans yon kotch nan lavil? Se tout kesyon sa yo nou pral eseye eklèsi ak kotch espirityèl Guersye nan epizod sa. Nou pale tou de misyon Guersye kise rive touche 15 Milyon moun nan travay li ak pos li yo sou medya sosyal yo kotel ap pwone Pozitivite, chanjman, yon vi ekstraòdinè ak lanmou nan tout esans li... Nou pale de lidè sa yo ak moun Ki gen enflyanse yo sou Guersye epi enspirel poul kontinye vanse ak misyonl. Nou sitou raple nan epizod sa ke slogan ale nan lot nivo a pa sinifi kew ap sot nan nivo 1 pou ale nan nivo 2 etc... Ale nan lot nivo a pou nou, se edew travay sou tet ou chak jou pou moun kew te ye yè a, diferan de moun ou ye jodia, moun kew ye jodia pa menm ak moun wap ye Demen an. Ale nan lot nivo a se tout yon pwosesis kote ke chak jou wap travay pouw vin yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia. Kitem diw ke lojik ale nan lot nivo a pa gen pran daso paske se tout yon pwosesis donk pouw grandi epi vin moun kew vle ye a pandan tout pwosesis la wap bezwen swiv tout etap yo. Objektif sezon 3 sa se pou atire atansyonw sou enpotans sante mantal Ou, pou yon bon jan senkwonizasyon ak sante fizik ou paske nan ka kontrè lap difisil pouw rive atenn ak akonpli objektif ou yo.... gen kontrol sante mantal Ou se admèt pouw aksepte mande èd lè Sa nesesè pandan kous la, paske menm jan li vini natirèl pouw gon bon zanmi Ebyen gen angajman ou pran nan lavi li plis ke konseye pouw gen yon mentò, yon akonpaniatè, yon moun kew ka vire vè li lè moman konplike sa yo rive e mwen ka garantiw ke moman sa yo ap rive. Menvitew tande tout epizod la pouw ka aprann plis sou Kiyes envite a ak kisa lap regle, san bliye gid de 3 etap kel pataje avèk nou pou edew konprann kilè Ou dwe fè apèl ak yon akonpaniatè nan laviw. Pa bliye pataje saw sot tande a ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè nan vil! E sonje abòne ak Framework conversations sou tout platfòm kew renmen tande podcast. Mèsi! --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message Support this podcast: https://anchor.fm/davidson-jules/support