Laboujwazi pa prensipal viktim kriz peyi a

Share:

Listens: 0

Panorama

Miscellaneous


Anpil moun konstate boujwazi peyi a pa vrèman sibi zak piyaj ki fèt nan manifestasyon yo. Jeneralman, se konsa li toujou ye. Dènye fwa kèk eleman nan boujwazi a te pran kou, se te nan kad manifestasyon 7 jiyè 2018 yo. E ta sanble se te kont ki t ap regle ant yon seri eleman nan boujwazi a. Lè n gade jan vit machin, ti antrepriz ak yon seri ponp gaz ap boule, li klè, se sa nou rele klas mwayèn yo ki toujou pran frap nan mouvman kraze brize yo. Poutan, foul yo toujou pase devan yon seri biznis yon seri politisyen ak gwo zouzoun nan sektè prive a, yo pa jan pran frap. Eske se yon bagay ki inosan ? Mwen envite nou tande diskisyon mwen fè ak Jetry Dumont sou koze sa a.