Poukisa Ayiti nan eta li ye jodi a?

Share:

Listens: 0

Panorama

Miscellaneous


Anpil nan nou gen yon nostalji tan lontan. Anpil fwa, moun ki pi gran yo rakonte n jan lontan te pi bon, jan lavi a te bèl. Menm si lontan pa ta pi bon, gen anpil nan nou ki pat janm imajine Ayiti te ka rive nan nivo li ye jodi a.  Nan nimewo #Panorama sa a mwen eseye gade kisa ki pase nan istwa nou ki fè nou kote nou ye jodi a. Mwen chita pale ak reyalizatè fim Arnold Antonin pou diskite sou sa. Gen lòt moun tankou Samuel Pierre, Josette Bruffaerts-Thomas ak ekriven Kettly Mars ki pataje opinyon yo.