Poukisa Sante Mantal Ou Osi Enpòtan... avèk Sikològ Natacha Desir!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


“Lè Sitwayen yo rive jwenn ekilib mantal yo, sa pèmèt nou gon sosyete ekilibre lè sa nou rive pi byen fonksyone youn ak lòt”. Nan epizod ansanm ak Sikològ Natacha Desir nou eseye defini kisa Sikoloji a ye antanke siyans, enpotans li nan sosyete a, kisa ki travay yon Sikològ ak diferan espesiyalite ki liye ak domèn Sikoloji. Nou wè ansanm kek nan rezon kifè yon moun ka bezwen wè yon Sikològ men sitou eseye etabli diferans ki genyen ant yon Sikològ ak yon Sikiyat. Nou pale tou de travay Natacha kòm ankadrè Timoun depi 5 lane pou yon òganizasyon kap travay nan sa ki gen pou wè ak edikasyon epi lit kont Restavèk Timoun nan peyi a... Men Nou pale de lidè sa yo ki gen gwo enpak nan lavil eki kontribye nan moun li ye jounen jodia. Natacha pa selman Sikològ, li se manman yon ti gason 1 lane, e pandan kelke minit Natacha te pataje avek nou, komanl pare poul enstwi ak enkilke pitit gason sa valè familiyal-edikativ ak moral depi nan pi jèn aj li. Kitem raplew’ sa, Ou Ka Gen Tout Konesans Ak Konpetans Posib Men Si santé Mantal ou pa Anfom, Siw Pa Ka Jere Ekilib Laviw Lap Trè Difisil Pouw’ Inisye Chanjman sa Kew’ Vle Komanse a Ak Rive Enpakte Lavi Lot Moun. Se Sak fè Nan Epizod sa, nou vle atire atansyonw’ sou enpotans santé mantal ou nan pwosesis pouw’ ale nan lot nivo a; enpotans pouw’ gon bon senkwonizasyon ant sante Fizik ak Mantal Ou. Nou vle ankourajew’ priyorize sante mantal Ou osibyen kew’ priyorize yon anpratisaj San kanpe pandan tout pwosesis la, paske ofinal youn pap byen fonksyone San lòt! Menvitew pataje epizod sa ak yon zanmi oswa yon group zanmi paske ou pa janm konnen ki diferans sa ka pote nan lavil, raplel ke li enpotan pou ou etc... Sonje abòne ak Chanel podcast sa sou nenpot platform kew renmen tande podcast pouw ka pa janm rate okenn nan denye epizod nou yo! Kitem raplew sa, Santé Mantal Ou osi enpotan ke tout lot bagay kew trouve ki enpotan pou ou; al wè yon Sikolog pa gen anyen mal nan sa, okontrè Siw gen ti dout se pi bon chwa kew’ te ka fè pou yon byennèt total... --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message