Relasyon, aspè ki pi enpotan nan lidèship!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Epizod sa pale de aspè ki pi enpotan nan sa ki gen pou wè ak lidèship ki pa lot ke RELASYON. Nou prezantew 3 aksyon ke yon lidè dwe toujou fè, pataje eksperyans pèsonèl mwen avew parapò ak sijè a epi kitew avek kek konsey kap itil ou. Pataje kek Komantè ke nou te resevwa de oditè yo.... Pou mwen aspè ki pi enpòtan nan lidèship se relasyon. Relasyon ou devlope ak moun Ki nan antouraj ou oswa ak moun ke Wap fonksyone, E malerezman anpil moun oswa anpill lidè poko ka vreman metrize aspè sa. Relasyon ou devlope ak moun di anpill sou ki kalite lidè ke ou ye. Souvan, Anpill moun panse ke se gras ak sa yo reyalize ki pemèt ke yo enfliyan, tankou opòtinite ke yo genyen pou yo pale an piblik, ou jus paske yon gon tit kelkonk, rad chè ke yo mete, mak machin ke yap woule oswa pozisyon yo okipe nan kominote yap evolye a etc... Laverite, anpill fwa enpotans ou attribué ak tout bagay sa yo mwen sot site la enpeche nou konprann ke bagay sa yo pa vo trop bagay nan balans lan parapò ak kapasitew genyen pouw enfliyanse moun ak fè moun swiv ou; E sitout fwa kapasite kew genyen an pa pèmèt ou konvenk moun nan yon pwen pou yo swiv ou, fèm konfyans ou poko yon lidè. Map repete John Maxwells poum diw: Yon kantite fwa ke nou pa menm ka konte, dirijan yo toujou chaje ak sevitè m’en si omwen youn nan sèvitè sa yo pa yon patizan pou ou, konnenw pa yon lidè. Mwen ta renmen pataje ak nou 3 Aksyon selon mwen menm ke yon lidè dwe fè: 1-Fè tout sak depann de ou pouw konekte ak lot moun pouw sa agrandi rezow. 2-Envesti nan lot moun 3-kreye lot talan, kontwi moun. Fè tout Sak depann de ou pouw konekte ak lot moun paske se youn nan mwayen kap edew jwenn bon Jan fidbak sou sa wap fe a, pa ezite konekte ak moun kew jije ki pataje menm valè avew e kap fon travay itil nan kominote a. Li enpotan pouw agrandi rezow patikilyèman ak moun ki temwanye yon entere nan sa wap fe a. Yon bon rezo ak moun ki bay sa wap fe a enpotans ap pemèt ke travay wap fe a rive touche plis moun e enpak la ap pi gran.... Sonje ke premye kote pouw komanse agrandi rezow Se ak moun Ki bo kotew, pa janm neglije anvironman emidyaw nan nenpot sa wap fe a. Envesti nan lot moun, Se sasèdòs tout lidè. Paske lidè a se moun ki angajel epi dakò poul envesti tanl nan pwogrè lot moun. Envesti nan lot moun Se youn nan pi meyè mwayen kew t ka genyen pouw bay anretou tout saw t jwenn nan yon moman done. Sa fem tris anpill Lem tande yon moun di kel pè pataje moso lespri ak lot moun jus paskel pa vle moun sa depasel oswa rive menm nivo kapasite avel. Lew envesti nan lot moun sa vle di, ou rive konprann ke sel ou menm papka rive fe chanjman sa ke nou tout moun swete a, men ak yon group moun Ki pataje menm vizyon li posib. Envesti nan lot moun pa selman yon koze lajan m’en pito fason w entegre moun sa yo nan janw jere tanw chak jou, nan chak segond ou pase ou moun sa yo pandan ke wap pataje moso lespri ak yo. Raplew ke ou nan pozisyon kew ye jodia Se paske, a yon moman nan laviw t gen moun Kite chwazi envesti nan ou, donk kounia se tou paw pouw envesti nan lot moun. E pwemye kote pouw komanse Se nan antouraj ou. Nan menm epizod sa mwen pataje kek teknik ke mwen itilize ki pemet mwen rete konekte ak moun epi agrandi rezom. Few tande komantè yon oditris epi konkli ak kek konsey ke siw pratike nan relasyon ke wap kiltive ak lot moun ki ka gen enpak pozitiv sou menm kew vle enfliyanse yo. Nou raplew ke li enpotan pouw rete yon moun Ki imen, Ki renmen moun, ki otantik m’en tou yon moun Ki bay moun yon rezon pou yo renmenml. Nou raplew Koman li enpotan pouw bay moun kap fonksyone avew enpotans epi montre yo ke sikse yo konte pou ou. Nou raplew tou ke tout saw vle fè nan lide pouw pote yon chanjman li plis ke enpotan pouw komansel ak moun Ki nan antouraj ou. John Maxwells di: Lidè yo toujou gon kantite sevitè ki anpil m’en si nan montan tout sevitè sa yo li pa gen omwen youn ki se patizanl, konnen li pa yon lidè. Gen anpil sevitè se byen m’en gen moun Ki aki ak koz ke wap mennen an se pi byen toujou! --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message