Rezime sezon 1 an

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Epizod sa se epizod ki boukle pwemye sezon nou, ladanl nou fè yon rapel jeneral de tout sa ki te pale nan 6 pwemye epizod nou plibliye pou sezon 1 an. Nan pwemye epizod la nou te prezantew podcast la, diw ki kote ide poun kreye podcast la soti, kisa ki motive nou epi ki objektif ak vizyon ki anime chak grenn epizod ke nou pibliye yo. E nan epizod 2 a nou te prezantew 7 karaktè ke yon moun dwe kiltive. Nan epizod 3 la nou te pale de enpotans relasyon, kise aspè ke nou konsidere kom bagay ki pi enpotan pou yon lidè, bagay ki ap pèmèt li non selman jere moun lap lid yo men tou pemet li fè enpak nan lavi plis moun epi agrandi rezol. Nan epizod 4 la nou t we ansanm 4 fason oswa mwayen ke lidè yo ka kreye relasyon ki dirab, ak moun ke yap fonksyone m’en sitou ak moun anjeneral. Nan epizod 5 lan nou t pale de karakteristik Ki pi enpotan pou yon lidè kise rive kreye epi mentni konfyans lakay moun kap swiv li yo. Epi nou t kitew ak kek konsey kap edew nan pwosesis sa. Epi nan epizod 6 la nou t pale de Koman ou ka byen fikse objektif ou yo pou ane sa ki fenk komanse a, men sitou nou t pataje 4 konsey avew kap edew sou kijan ou ka fe sa. Pou sezon 1an, Depi sou pwemye epizod ke nou t pibliye, nou t resevwa anpill komantè, de moun kite swete ke nou t défini kisa ki lidèship epi poun te site diferan tip lidè Ki genyen, moun sa yo ap jwenn repons nan sezon 2 a. Anpil moun konprann epi défini konsep lidèship la anpil fason donk ansanm ak envite nap gen poum resevwa nan cho a, wap gen chans aprann plis ke yon sel definisyon sou Kiyes ki se lidè ak kisa konsep lidèship la ye nan li menm. Sof ke sam ka garantiw literati yo ka chanje nan mo nap itilize poun défini kiyes ki son lidè oswa kisa konsep yo rele lidèship la ye nan li menm, men kapasite ki fè de ou yon lidè kote wap viv la se Preske m’en kapasite sa yo kife yo rele yon lòt moun lidè nan nenpot kote lap viv la. Depiw ka enfliyanse yon moun, ou ka fè yon kantite pou pi Piti yon moun swiv ou oswa aksepte poul enplikel nan inisyativ oswa kwazad wap mennem an san fose, lot moun ka relew lidè, epi tout res yo Se detay.... E Nap gen poun pale de sa pi plis ak envite nou yo pandan sezon 2a. tout remak sa yo te byenvini pou pwogrè cho a, e de lè nou t komanse rive jodia san remak sa yo patap gen tout amelyorasyon sa yo. Donk mesiii pou tout remak nou yo, e nou toujou nan pwosesis pou nou amelyore Sak merite amelyore yo, men gen bagay kap pran tan donk wap bezwen pasyan avanw rive jwenn tout satisfaksyon kew swete jwenn yo. Nou te jwenn anpilll reyaksyon kote oditè yo; Ki swete ke sho a videoklipe, yo panse ke sa taka pemet nou rive touche plis moun e fe plis enpak. Nou vreman apresye lide a m’en nou pa ka pwomet ou sa pou demen sof ke se pa yon bagay Ki enposib tou.Kite nou travay sou sa epi jwenn yon fomil kap pemet nou pote yon kalte imaj Ki gon nivo standard e kap fè onè cho a ansanm ak odyans nou an. Nou vreman vle pran yon titan poun di mèsi a chak grenn nan nou pou sipo ak apresyason ke nou bay chak grenn epizod yo sou diferan platform yo e sa vle di anpil pou nou e montre ke gen nesesite poun kontinye pibliye nouvo epizod e nou fenk Kare pote nouvo epizod pou ou. Mesi ak chak grenn nan nou kite pataje epizod yo ak yon pwoch, yon zanmi, nan yon group watsap, nan group legliz etc... Nou vreman swete ke konesans ki pataje nan epizod yo edew mennen pwojew yo nan lot nivo a ane a e siw poko abone pa bliye fe sa pouw ka rete konekte ak nou epi tande tout denye epizod ke nap gen poun pibliye yo. Antanke lidè ki aple poul akonpli anpil gro bagay, pran anpli prekosyon ak moun wap mete nan epkip ou epi moun ou bay dwa sou laviw. Sonje ke li enpotan pouw fè ekip Ou ak moun Fou menm Jan avew, moun ki gen lespri kreyativ, moun kap challenge reyalite ke wap viv jounen jodia, moun ki kwè nan kwazad sa ke wap mennen an e pa kite pèson ni anyen few vire do bay objektif ak vizyonw nan kwazad sa. Nom pam se Davidson Jules --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message