Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Mpa rete kwè ke gen yon pi gro défi ke ensètitid! E Ensetitid se youn nan défi ke anpill dirijan rankontre souvan. Nenpòt defi ke nou abitye rankontre nan aktivite ke nap mennen yo, Mpa kwè ke nou te janm rankontre yon situation ki osi enprevizib ke pandemi sa ke mond lan ap fe fas jounen jodia. Nouvel nap tande chak jou sou Koman pandemi sa ap vale teren nan mond lan, ba nou ase rezon pou nou pedi kontwol panse ak refleksyon nou yo, fè nou aji tankou moun Ki pèdi bon sans yo, e nan yon moman parey kapasite poun rete tet fret, epi wè a klè kote nou vle ale a diminye fas ak tansyon ki egziste otou pandemi an ki pa sispann kreye situation ki pat previzib pou okenn nou nan, bon oswa lidè medyok onetman okenn nan nou pat prevwa ke se konsa 2020 an tap komanse; Kote ke ensetitid ta pral sel sipesta! Eksperyans pam kom lidè, m’en sitou kom moun ki gen kom travay jere moun epi planifye pou fiti se pwemye fwa mtrouvem nan yon situation kote moblije fè plis ke 2-3 plan jus paske démen yo vin ensèten donk planifikation yo vin pa garanti e situation yo vin pi enprevizib. M’en tou, Sitiyasyon sa pemet Mwen konprann ke li nomal ke planification oswa desizyon nou yo rive afekte pa sitiyasyon aktyel yo nan moman kriz, sitou lè ensetitid ak sikonstans enprevizib yo vle Fè pâti de sa ke majorité nan nou te pran pou nòm lan. Chak jou nouvel yo pa sispann anpire e santiman ensetitid pa sispann grandi Lakay nou. Gen Anpil tansyon, presyon, alantou nou e gouvènman yo pa sispann deplwaye resous ak eneji pou kontrekare pandémie an ki kontinye kap vanse, sa ki vin diminye pi plis kapasite nou poun rete kalm epi wè a klè ki direksyon nou sipoze pran nan moman kriz la, E anpil nan nou preske pedi kapasite sa. Kom lidè kapasite ke nou genyen poun rete tet fret, rete lisid, kapasite poun rete kalm avek tout bonsans nou nan objektif pou nou wè a klè epi fè chwa ki rezonab yo se pi bon chwa ou kapab fè oswa pi bon konpotmàn ke ou kapab genyen nan moman kriz. Fas ak a situation pandemi sa li klè pou nou tout ke vizyon nou se rive anpeche ke virus sa kontinye pwopaje epi jwenn fomil sa poun rive konbat virus la, e msur ke fason nap rive konbat virus lan ap diferan parapò ak endividwalite nou chak kom lidè e se pa yon problème paske nou bezwen konprann ke lidèship nan limenm son konsèp ki kontextyel; e anpil fwa moman kriz yo konn lakoz nou reconsidère fasôn nou wè lidè nou yo... Men sam surrr de li, seke volonté nou genyen poun sa wè a klè desizyon nap pran chak jou epi jwenn fomil sa poun kwape viris lan pap chanje. Anpill moun wè moman kriz yo tankou yon malekdisyon e yo gen tout kalite rezon pou pwouvew sa, petet yo gen rezon. Men kitem diw janm wè moman kriz yo, nan je pam moman kriz yo se moman kote bon lidè yo toujou fè diferans lan ant lidè medyok yo m’en tou se moman ki edew grandi, moman ki edew dekouvri talanw ak kapasite kap domi nan ou e kew pat janm imajine kel te la. Pou mwen moman kriz yo se opotinite pouw kontinye konfime kapasitew kom bon lidè nan fason wap itil lot moun. Se pousa li enpotan pouw Fè sur ke pendan moman kriz sa, ou aprann yon nouvo konpetans, fe sur kew aprann ak dekouvri kiyes ou ye reyelman, fe sur ke ou jwenn omwen yon fason anplis kap pemet ou itil kominitèw pi byen. Paske chwa wap fe jodia an la ap gen konsekans sou demenw e siw pa trouvel nesesè pouw aprann anyen ki bon nan moman kriz sa, konnen pwoblem ou pat janm yon pwoblem tan kifew pat reyalize okenn nan pwojèw yo m’en pito yon pwoblem disiplin... pran yon titan pouw réfléchit ak sa. antanke lidè aksepte kew pa gen tout répons yo ni kew paka fe tout bagay pou kow donk li plis ke enpotan pouw jwenn konplisite sa ki kapab egziste ant ou menm ak ekip ou, e konsa nan moman kriz yo kominikasyon ou menm ak ekip ou oswa moun wap lid yo ap fasil paske vizyon epi diresyon an kle pou tout moun. Pwochen epizod la se pou byento e pa bliye Non pam se Davidson Jules. Mèsi paske chwazi pataje epizod sa ak yon zanmi! --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message