Komanw kapab rete fokis sou Rèv ou! Yon konvèzasyon Davidson avèk Dieuvela Bien Aimé pou FC podcast

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Semèn sa nan Framework conversations, nou te gen chans chita pale ak jounalis / antreprenè Dieuvela Bien Aimé kise CEO Dieuvela Store. Chita pale sa de fokis sou eksperiyans li kòm antreprenè; sou diferan difikilte ke li rankontre nan fè biznis, men sitou gade kisa ki edel simonte difikilte sa yo , rete fokis epi pèmèt ke li kontinye avanse. Nan epizod sa, Dieuvela pataje ak nou 6 pami anpil lòt valè ke li panse ke moun kap fè biznis dwe entegre (enkòpore) nan fason yap jere biznis de fason jeneral e 5 nan 6 valè sa yo se : 1- Yon Bon kapasite lidèship 2- Fok ou son moun ki kreyatif 3- Kapasite pouw byen kominike 4- Fok ou pa pè travay 5- Fè bagay ke ou renmen Selon eksperiyans pal nan zafè fè biznis Dieuvela pataje kek konsey ak nou spesyalman pou jèn fi kap fè biznis sou Koman yo kapab apresye epi selebre tout sa yo gentan akonpli nan endistri yap evolye a men tou li kite yon konsèy pou jèn fi ki vle antre nan fè biznis... Dieuvela pataje ansanm ak nou apresyasyonl pou lidè Nelson Mandela, ki vreman gen anpil enfliyanse sou moun ke li ye... Fim tankou: Les mains en or ; A la Recherche du Bonheur epi La Création de Dieu fè anpil enpak sou fason Dieuvela te wè epi konprann kek bagay avan e li konseye oditwa a gade fim sa yo tou. Liv kòm : Le Pouvoir du Rêve epi L’autoroute du Millionnaire se 2 pami anpil lot liv ke li ankouranje oditwa li. Nou te gen chans pale tou de patisipasyon biznis li kise: Dieuvela Store nan yon konkou ke Academy Women Entrepreneur Haïti ap òganize e li envite nou kilke sou lyen sa epi layk videyo prezantasyon biznis li an poul ka genyen chans genyen konkou sa. https://www.facebook.com/groups/portauprinceawe/?ref=share Pa bliye ou ka rete konekte ak Dieuvela Bien Aimé sou Facebook pouw sa gen plis enfomasyon sou konkou sa epi sou lot aktivite ke lap mennen. Yon lot fwa nou dezole pou ti reta ki genyen nan plizyè sekans entèviyou a, e nou vle raplew tou ke pa bliye pataje epizod sa ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè pou li. Pa bliye tou voye kesyon ak sijesyon ou yo pou nou nan yon mesaj vokal nan ti ikon mesaj ki anba a goch nan paj epizod ke wap koute a nap tro kontan repon ou. Mèsi paskew rete konekte ak framework conversations the podcast. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message