Konvèzasyon Davidson Jules ak Etzer Louis Charles jèn Antreprenè, Lidè epi Toastmaster. Liv-li

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Nan konvezasyon mwen ak Etzer, nou te gen chans pale de antreprenaria, lidèship epi eksperiyans li antanke toastmaster. Nan menm epizod sa Etzer pale nou de youn pami diferan otè preferel yo; li pale de Alibaba (Jack Ma) kise Se youn nan antreprenè Ki son sous motivasyon pou li. E nan yon lis de 5 lidè ki gen gro enfliyans sou li ak sou desizyon ke lap pran nan kad aktivite ke lap lid yo Yon non tankou Stanley Baptsite se youn ladan yo... 3 pami tout lot karakteristik ke yon lidè dwe metrize alabaz pou li ka yon bon lidè selon Etzer: 1-Kapasite pouw koute antouraj ou 2-Kapasite pouw rann Sak konpleks yo senp 3-kapasite pouw enfliyanse moun 3 konsèy pou ou menm kap koute podcast sa: 1-Pa pè fè erè 2-Pa sispann aprann 3-Pratike pouw sa vin meyè Inisyativ tankou Étudiants et entrepreneur Haïti son modèl ekzamplè ke anpil lot group jèn ta sipoze imite, son inisyativ gayan-gayan pou ou menm ki se antreprè . Propulseur group Se youn nan bel initiativ ak youn nan pi bon opsyon kew genyen pouw rete konekte ak liv kap pemet ou fè devlopman pèsonèl la pi byen... Reveye lespriw, yon liv chak mwa! Nan moman an nap viv yon situation ki pa òdinè, sa ki kreye plis stress lakay kek moun, gon kategori de moun Ki panse ke situation sa ofri yo plis tan swa pou yo travay sou kek pwojè ki enpotan pou yo oswa aprann yon Konterans anplis, nan menm konteks sa Etzer deside lanse yon challenge Kotel ankouraje nou gade 1 dokimantè chak jou pandan 30 jou. Mesiii déskew chwazi koute Framework conversations, e si saw sot koute a fon diferans pou ou pa ezite patajel ak yon zanmi espere kel swaf koute yon pawol konsa. Mwen ankouraje nou rete konekte ak Etzer Louis Charles sou Facebook, epi swiv paj propulseur Group ak Étudiant et entrepreneur Haïti Facebook. Pa bliye ou ka koute podcast sa sou plateforme tankou: Spotify, Apple podcast, Google podcast, Anchor fm, Breaker, Overcast, PocketCasts, RadioPublic. Epi Episode sa ap disponib tou sou paj Facebook Davidson Jules Pa bliye se afcollection ki sipòte podcast sa ale sou afcollection.shop pouw ka pran pwodwi paw. Ale, Pwochen epizod la Sè pou byento! --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message