Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles

Share:

Listens: 0

Framework Conversations

Education


Pandan yon kategori jwenn diferan eskiz pou justifye rezon kifè yo pòv nan pran initiativ, oswa pòv nan kapasite Kreyativ yo de manyè jeneral... An patikilye pandan ane sa kite yon ane ekstrèmeman difisil pou anpil rezon; Gon lot kategori ki pa janm sispann Travay, ki pa sispann kreye e ki pa janm sispann inove. Envite nou pou epizod sa, fè pati de kategori moun sa yo ki pa sispann kreye eki kwè ke li plis ke enpotan pou se nou ki gen kontrol sikonstans yo olye ke se sikonstans yo ki dikte nou sa pou nou fè. Nan epizod sa nou gade ansanm: -Rezime ane 2020 an bò kote pal -Dekòtike denye initiative kel lanse nan mwa pase yo -Komanl konprann oswa komanl dijere moman echek yo, or lew rive kase danl nan diferan aktivite ke lap mennen yo -Ki parapòl devlope ak echek parapo ak diferan eksperiyans kel fè deja... Nou pale tou sou koman nan kiliti pa nou, nou wè Echèk, koman nou grandi avek santiman ke echek se pi move bagay kite ka rive nou, e depi lekol paran nou fè nou konprann ke se bèl rezilta selman ki konte e se anenpot ki pri, nou pran plezi sou kamarad nou yo lè yo pa reysi... paske reysit son bèl bagay. Se pata yon move bagay ke yo te lève nou konsa men kite nou grandi ak santiman ke se sèl siksè ki posib pouw fè nan lavi e ke echek se pi yon move bagay ki ka rive yon moun nan lavi fè nou pè echek pase tout lòt bagay e nan anpil ka lè nou echwe nou panse ke lavi fini e ke pa gen Okenn mwayen ke nou ka pase nou de echek sa poun ta rive akonpli rev ak misyon nou... Mesaj Pam pou ou, pou fin ane a se: Siw panse kew pa Janm fè erè konnen wap fèl mal, sa wap fè a. Siw pa jwenn anyen pouw korije konnen wap fèl trè mal. E Siw pa konsyan kew ap fèl mal konnen wap fèl ekstrèmeman mal. Men! pa enkyetew trop, ou pa pwemye moun ki nan enpas sa el posib pouw soti ladanl siw gen volonte pou sa e pwemye aksyon ou sipoze fè se padone tèt ou. Mwen vle diw jodia ke li lè li tan pouw padone tèt ou pou tout erè kew te fè, mwen vle ankourajew padone tet ou pou tout echèk kew eksperimante nan pasew e menm pou sa kita gen pou vini yo epi kwè kel posib pouw komanse jodia siw swete vin meyè demen Pa ezite rekomanse siw te deja komanse ew konprann ke sa pap tro byen mâche, mwen diw kontinye avanse malgre difikilte ak echek kew kapab rankontre sou wout ou paske ou vo plis ke sa. Konprann ke Okenn echèk pa fatal men sa ki pi enpotan an se ki reyaksyonw fas a moman echek yo, ki atitid ou, ki strateji kew aplike Paske reyaksyonw pandan ak apre yon moman chek osinon aprew fin kase danw detèminan pou kantite posiblite kew genyen pouw fè siksè ak atenn objektif ou yo. Sonje pouw jwenn rezilta kew potko janm jwenn oparavan malgtrew pa sispann eseye wap bezwen fè bagay, poze yon aksyon, pran desizyon kew potko janm pran avan Donk rete fokis, ou dwe konsistan epi konnen kew pa poukòw nan kous la! Nap swete nou chak la yon bon lane 2021! --- Send in a voice message: https://anchor.fm/davidson-jules/message